eCommunications Policy

EnglishFrançaisDeutschItaliano
Tiếng ViệtEspañolPortuguêsالعربية
Român  ● Polski  ● 中文  ●

28 July 2026

Politik Kominikasyon Elektwonik

Gen kèk lwa ak règleman ki egzije Taptap Send ak patnè labank li yo (tankou Lead Bank) (“nou” or “nou menm”) pou ba ou enfòmasyon espesifik alekri, sa vle di ou gen dwa resevwa enfòmasyon sa yo sou papye. Nou ka ba ou enfòmasyon sa yo elektwonikman si nou prezante w Politik Kominikasyon Elektwonik sa a anvan w antre nan akò ak nou pou sèvis nou yo epi si nou jwenn konsantman w pou resevwa enfòmasyon sa yo elektwonikman.

Kominikasyon Elektwonik

An akò avèk Akò ki enpòtan an, nou ka ba ou kategori enfòmasyon sa yo (“Kominkasyon”) pa mwayen elektwonik:

  • Akò ou dakò avèk yo, ki gen ladan tout mizajou ak chanjman ladan yo;

  • resi tranzaksyon oswa konfimasyon;

  • relve kont yo ak Istorik transfè ou a;

  • tout lòt enfòmasyon oswa notifikasyon ki bay nan kad sèvis nou yo, ki gen ladan sa lalwa egzije yo;

  • tout kominikasyon sèvis kliyan, tankou kominikasyon konsènan reklamasyon erè oswa itilizasyon san otorizasyon sèvis nou yo; epi

  • nenpòt lòt kominikasyon ki gen rapò ak sèvis nou yo oswa nou (eksepte kominikasyon maketing oswa pwomosyonèl).

  • Selon kalite kominikasyon an, yo ka voye l ba ou pa:

  • yon pòst sou sit entènèt la;

  • atravè aplikasyon an (sa ki gen ladan notifikasyon aparèy ou a menm si li pa louvri); ak/oswa

  • voye yo pa imèl nan adrès imèl ou te bay nou an.

Nou pral voye kominikasyon ki gen rapò ak kont ou ak sekirite li (tankou konfimasyon chanjman adrès yo) pa mwayen elektwonik, atravè imèl.

Egzijans materyèl ak lojisyèl

Pou jwenn aksè epi estoke kominikasyon elektwonik yo, w ap bezwen materyèl enfòmatik ak lojisyèl sa yo:

  • Yon aparèy mobil ki konekte ak entènèt epi ki ekipe ak dènye vèsyon aplikasyon Taptap Send lan. Aplikasyon sa a dwe pèmèt ou resevwa, gen aksè, afiche, enprime, oswa anrejistre kominikasyon nou voye ba ou elektwonikman.

  • Yon adrès imèl ki valab (adrès imèl ou gen nan dosye nou yo).

  • Yon lektè pdf pou louvri dokiman fòma .pdf yo.

  • Ase espas estokaj pou anrejistre ak/oswa enprime Kominikasyon anvan yo.

  • Tanpri sonje ke si w itilize yon filtè kont messaj ki endezirab li ka bloke oswa redirije imèl ki soti bò kote ekspeditè ki pa nan kanè adrès ou a, ou dwe ajoute Taptap Send ladan l pou w resevwa kominikasyon nou voye pou ou yo.

Nou pral enfòme w sou chanjman enpòtan nan aparèy ou a oswa lojisyèl ki nesesè pou resevwa Kominikasyon elektwonik nan men Taptap Send. Ou dwe asire w ke ou gen aksè ak ekipman ki nesesè yo epi ou kapab resevwa, louvri, epi enprime oswa telechaje yon kopi pou nenpòt kominikasyon pou dosye w yo. Ou ka vle enprime oswa anrejistre yon kopi Kominikasyon sa yo pou dosye w yo, paske yo ka pa disponib sou entènèt ankò nan lavni.

Toujou aktyalize enfòmasyon kontak ou

Kominikasyon yo ka genyen enfòmasyon pèsonèl sou ou ak transfè w yo. Se poutèt sa, li enpòtan pou w bay yon adrès imèl ki valab epi ki ajou. Se responsablite w pou w bay epi kenbe adrès imel ou ajou pou nou ka kominike avèk ou elektwonikman. Ou ka mete adrès imèl ou ajou nenpòt kilè lè w konekte sou Aplikasyon an epi chwazi “Kont” nan meni an.

Nou pral voye kominikasyon an ba ou menm si ou pa resevwa li paske adrès imèl ki nan dosye nou yo pa kòrèk, li pa ajou, li bloke pa founisè sèvis ou a, oswa ou pa kapab resevwa kominikasyon elektwonik yon lòt fason.

Retrè nan konsantman w

Sèvis la pa pèmèt voye kominikasyon sou fòma papye oswa pa lòt mwayen ki pa elektwonik. Ou ka retire konsantman w pou resevwa Kominikasyon elektwonikman. Nan ka sa a, n ap oblije mete fen ak ou nan itilizasyon Sèvis yo epi anile Akò Itilizatè a.

Pou retire konsantman w lan ou dwe kontakte nou nan support@taptapsend.com. Retrè konsantman ou an ap efektif sèlman apre ou fin kominike nou retrè w la.